Yon bon aprè midi mwen te nan gran bezwen ekonomik an tout ijans. Ti sa m te gen nan menm lan pa t kont pou m regle sa m gen bezwen an. M pran motosiklèt mwen e m ap file sou wout dabòn lan pou m al nan BNC a pou m fè yon retrè. Pandan m pral travèse wout nèf la pou desann nan bank lan. M tande vwa Senyè a ki pale ak mwen pou di m:

 » Pitit gason m! Pa al nan Bank lan. Al kanpe motosiklèt ou devan INAFOP la. Gen yon moun ou dwe bay 500 dola nan 600 dola w genyen nan pòch ou a. »

M chanje direksyon byen vit. Mwen al kanpe devan lekòl la jan m tande vwa Senyè a te di m lan. Lè m rive m pake moto a. Epi m kanpe san m pa konn kòman istwa a pral fini.🤷‍♂ M gade sou bò goch epi m gade sou bò dwat. M pa ka tann pou m konn ki moun Bondye vle bay 500 dola sa. Mwen anvi konn ki moun ki presye nan je Bondye konsa ki fè Bondye jwenn mwayen pou l vin fè m pake moto m lan poutan m te nan wout mwen byen prese a.🥰

Pandan m kanpe telefòn mwen pran sone. M kouri gade ki moun ki sone m lan. Se yon moun mwen konnen trè byen ki rele m nan tlf lan. Anplis se yon elèv ki lekòl egzakteman nan enstitisyon sa kote syèl la voye m vin pake moto m lan. Lè m dekwoche apèl la. Li fin salye m. Mwen di l ou pa al lekòl jodi a oubyen w nan rekreyasyon.
Li reponn mwen ak tout yon tristès pou di m. Se konpozisyon ki genyen. Men mwen pa al konpoze.

Mwen di l sa k fè w pa vin konpoze. Li reponn mwen pou di m: Yon ti kòb m t ap sanble pou m peye lekòl la. Mwen bay li avan jou egzamen an, m panse yo t ap banm ti kat aksè ak sal pou konpozisyon an. Yo pa ban mwen l paske m manke 500 dola.

Mwen di l:  » Dat m ap tann ou nan lekòl la pou m ba w 500 dola sa. Se te pou ou m pake lontan la! Pran moto kouri vin jwenn mwen. »

Demwazèl la sezi e pete yon sèl kri lakontantman. Li di m :  » Se tout bon pastè? » Mwen di wi! Li di m:  » Ret tann mwen svp m ap vini. »

Nan 20 minit, li rive kote m lan paske l t ap sot lwen. Se te avèk anpil mo remèsiman ke l te resevwa kòb sila e l te kouri al pase egzamen an ki te deja kòmanse.

Nan pita li rele m pou di m: « Pastè! M pa gen mo pou m kontinye remèsye w paske w se yon sèvitè Bondye vre. Esplike m kòman w te fè konnen? Kijan w fè konnen se egzakteman mwen menm? Li di m mwen te priye pou Bondye fè m jwenn kòb la pou m ka pase egzamen an lè yo pa t banm kat daksè a. Men, m pa t janm panse se konsa l t ap fè l.

            M vin renmen Bondye m lan plis.

Se te yon moman ekstraòdinè kote Bondye montre m kijan li kapab itilize nenpòt moun ki pare pou obeyi l.

Leson Pou Nou Aprann

  1. Obeyisans se pi gwo sakrifis – Lè Bondye pale, li konnen rezon an menm si ou pa konprann.
  2. Pa bezwen wè finalite tout istwa a pou kòmanse obeyi. Lafwa se mache nan fènwa avèk konfyans nan limyè Bondye.
  3. Bondye sèvi ak moun kòm repons lapriyè lòt moun. Pafwa, yon moun ap kriye nan sekrè, epi Bondye itilize ou kòm zouti pou delivre l an piblik.
  4. Dezobeyisans pote soufrans. Si mwen pa t obeyi, elèv sa a t ap pèdi chans li pou pase egzamen an. E l te ka menm doute de pouvwa lapriyè.
  5. Bondye toujou remèt sa ou bay ak plis – Lè w fè yon sakrifis pou Bondye, li gen pwòp fason li pou l ranplase sa w pèdi.

NB: Bondye pa bezwen eksplike tout bagay avan ou obeyi. Pafwa li di ou: “Pake la”, “Ale la”, “Fè sa”. Se sèlman pita ou ka w ap konprann poukisa. Men, se obeyisans ou k ap louvri pòt benediksyon pou ou menm ak pou lòt moun.
“Meyè obeyisans lan dwe pase sakrifis. (1 Samyèl 15:22)

Nan pwochèn piblikasyon m va fè ma esplike nou kòman Bondye remèt mwen 500 dola a.

Pasteur Evenson Marcelus