Yon bon aprè midi mwen te nan gran bezwen ekonomik an tout ijans. Ti sa m te gen nan menm lan pa t kont pou m regle sa m gen bezwen an. M pran motosiklèt mwen e m ap file sou wout dabòn lan pou m al nan BNC a pou m fè yon retrè. Pandan m pral travèse wout nèf la pou desann nan bank lan. M tande vwa Senyè a ki pale ak mwen pou di m:
» Pitit gason m! Pa al nan Bank lan. Al kanpe motosiklèt ou devan INAFOP la. Gen yon moun ou dwe bay 500 dola nan 600 dola w genyen nan pòch ou a. »
M chanje direksyon byen vit. Mwen al kanpe devan lekòl la jan m tande vwa Senyè a te di m lan. Lè m rive m pake moto a. Epi m kanpe san m pa konn kòman istwa a pral fini.🤷♂ M gade sou bò goch epi m gade sou bò dwat. M pa ka tann pou m konn ki moun Bondye vle bay 500 dola sa. Mwen anvi konn ki moun ki presye nan je Bondye konsa ki fè Bondye jwenn mwayen pou l vin fè m pake moto m lan poutan m te nan wout mwen byen prese a.🥰
Pandan m kanpe telefòn mwen pran sone. M kouri gade ki moun ki sone m lan. Se yon moun mwen konnen trè byen ki rele m nan tlf lan. Anplis se yon elèv ki lekòl egzakteman nan enstitisyon sa kote syèl la voye m vin pake moto m lan. Lè m dekwoche apèl la. Li fin salye m. Mwen di l ou pa al lekòl jodi a oubyen w nan rekreyasyon.
Li reponn mwen ak tout yon tristès pou di m. Se konpozisyon ki genyen. Men mwen pa al konpoze.
Mwen di l sa k fè w pa vin konpoze. Li reponn mwen pou di m: Yon ti kòb m t ap sanble pou m peye lekòl la. Mwen bay li avan jou egzamen an, m panse yo t ap banm ti kat aksè ak sal pou konpozisyon an. Yo pa ban mwen l paske m manke 500 dola.
Mwen di l: » Dat m ap tann ou nan lekòl la pou m ba w 500 dola sa. Se te pou ou m pake lontan la! Pran moto kouri vin jwenn mwen. »
Demwazèl la sezi e pete yon sèl kri lakontantman. Li di m : » Se tout bon pastè? » Mwen di wi! Li di m: » Ret tann mwen svp m ap vini. »
Nan 20 minit, li rive kote m lan paske l t ap sot lwen. Se te avèk anpil mo remèsiman ke l te resevwa kòb sila e l te kouri al pase egzamen an ki te deja kòmanse.
Nan pita li rele m pou di m: « Pastè! M pa gen mo pou m kontinye remèsye w paske w se yon sèvitè Bondye vre. Esplike m kòman w te fè konnen? Kijan w fè konnen se egzakteman mwen menm? Li di m mwen te priye pou Bondye fè m jwenn kòb la pou m ka pase egzamen an lè yo pa t banm kat daksè a. Men, m pa t janm panse se konsa l t ap fè l.
M vin renmen Bondye m lan plis.
Se te yon moman ekstraòdinè kote Bondye montre m kijan li kapab itilize nenpòt moun ki pare pou obeyi l.
Leson Pou Nou Aprann
- Obeyisans se pi gwo sakrifis – Lè Bondye pale, li konnen rezon an menm si ou pa konprann.
- Pa bezwen wè finalite tout istwa a pou kòmanse obeyi. Lafwa se mache nan fènwa avèk konfyans nan limyè Bondye.
- Bondye sèvi ak moun kòm repons lapriyè lòt moun. Pafwa, yon moun ap kriye nan sekrè, epi Bondye itilize ou kòm zouti pou delivre l an piblik.
- Dezobeyisans pote soufrans. Si mwen pa t obeyi, elèv sa a t ap pèdi chans li pou pase egzamen an. E l te ka menm doute de pouvwa lapriyè.
- Bondye toujou remèt sa ou bay ak plis – Lè w fè yon sakrifis pou Bondye, li gen pwòp fason li pou l ranplase sa w pèdi.
NB: Bondye pa bezwen eksplike tout bagay avan ou obeyi. Pafwa li di ou: “Pake la”, “Ale la”, “Fè sa”. Se sèlman pita ou ka w ap konprann poukisa. Men, se obeyisans ou k ap louvri pòt benediksyon pou ou menm ak pou lòt moun.
“Meyè obeyisans lan dwe pase sakrifis. (1 Samyèl 15:22)
Nan pwochèn piblikasyon m va fè ma esplike nou kòman Bondye remèt mwen 500 dola a.
Pasteur Evenson Marcelus