Epizòd #2 BONDYE REMÈT MWEN 500 DOLA A.

Yon mwa aprè m te fin obeyi Bondye pou m te fè kado 500 dola a. Bondye pral remèt mwen lajan an san manke yon santi m. Kite m esplike w jan sa te pase.

Pandan m sot fè etid biblik, gen yon sè ki rele Esther ki pale ak mwen pou l di pastè m gen kèk tan m pa nan travay e sonj mwen fè yo montre m ke m gen yon pwoblèm espirityèl. Se pwoblèm espirityèl sa ki lakoz tout CV m depoze m pa janm jwenn travay. Lespri Bondye konvenk mwen de verite ki gen nan sa l t ap di yo. M tou di li, prepare w Madi nou pral jene kont espri sa pou w ka jwenn travay la.

Madi byen bonè nou pran wout jèn ak lapriyè. Jèn kòmanse epi priyè kòmanse fèt. Mwen tande vwa Bondye ki di m : Pitit gason m, kote w jwenn ak sa w ap fè a? Kote w janm wè nan Bib la yon pwofèt konn al jene ak moun ki gen pwoblèm? Se deklare pou w deklare sou lavi moun lan epi ba l travay la. Se Tigwav m ap ret tann ou maten an la!🤷‍♂

Mwen vin pèplèks. M pa konn sa m dwe di moun lan paske jèn apèn kòmanse. M pa vle l panse mal. Mwen itilize odas lafwa epi m di l m pral ba w travay la. Men sa Bondye di m! M rakonte l tout bagay. Li ajenouye l epi m deklare ke mwa sa pa fini ke yo rele w pou w al travay. Epi m poze mo benediksyon! M rele madanm lan pou m sinyale l mwen al T-Gwav. M pa jwenn li. Mwen oblije ale!

Lè m rive Tigwav mwen al priye ak moun kote Bondye voye m al priye a. Se yon kondisip mwen m te priye pou konvèsyon l pandan n te chita nan klas Filo Lise Anakawona Leyogàn an 2009.

Kou m rive m pran valiz mwen e li mete m chita. M priye pou li vre ki t ap travèse yon moman difisil. Lè m fin priye. Mwen al fè wout mwen. Men tout nan wout m ap lapriyè paske m gen 500 dola pou m bay yon moun e m ba l randevou demen maten bonè. Mwen pa gen yon goud nan menm e m pa konn kote lajan an ap soti.

Mwen retounen lakay mwen ap tout pè m nan lespri m. M ap di sa m pral di moun lan paske tout espwa l se 500 dola a l ap vin chèche. Mwen lapriyè lapriyè san rete. M panse yon moun ap sot kote l soti pou l banm lajan 🙈. Anyen pa tonbe!

Finalman mwen al kouche petèt demen maten ma jwenn li anba zòrye m.😃 M vin pa ka dòmi tèlman m ap reflechi. Kou bajou kase, mwen al kouche nan espas mwen toujou lapriyè. M kouche plat sou vant mwen m ap ret tann kòman sa pral fini. M di Bondye te kwè w toujou rele m pitit gason w. Sa w ap di ak pitit gason w ki bezwen kòb la pou maten an an tout ijans. M pa tande towo a di m anyen.

Mwen di madanm mwen pran valiz mwen an m te sòti yè a pou mwen, pran Bib la ladan l pote pou mwen svp. Nan kè m mwen di Bondye va pale ak mwen nan yon vèsè paske pye m bon jan mare la.😃

Mwen tande madanm lan di : « Anh an! Ou chanje kounye a pa vre! Kounye a w gen lajan m pa konnen.🤣🥰🤣

Mwen di ki pawòl madanm lan ap di la mesye! Ou konnen byen pwòp la ke maten an m bezwen 500 dola an tout ijans kote m jwenn ak kòb sa. Li di : Apa w gen kòb nan valiz la. Sa sa ye? M leve kanpe voup e m kouri nan chanm kote l ye a pou m di:  » Se vre? Banm wè!

Lè m gade mwen jwenn 500 dola byen poze ap tann mwen. Mwen kriye tèlman m kontan. M pran tlf mwen m rele Fabiola pou m di l: Ou te met kòb nan valiz mwen? M jwenn kòb ladan l e m konnen m pa t gen yon kòb ladan l. Se lè sa li reponn mwen pou di m.

  • Wi, lè je w fèmen ap lapriyè a. M tande Bondye di m mete 500 dola nan valiz la epi piga m di w sa. Si m di w sa w ap remèt mwen kòb la, ou p ap pran l. E m konnen w gen sa pou defo. Ou pa kwè nan priye ak moun pou l ap fèmen men w aprè. Fè jès ak ou paske w pa machann priyè jan w toujou ansenye m li.

De ran dlo sa yo kouri nan je m pou plizyè rezon:
1- Mwen pote lajan an, li ak mwen m pa konn sa anplis m debòde sou motosiklèt la ap priye pou m jwenn li poutan m jwenn li deja.

2- Lajan mwen te bezwen an pa t nan mande moun ni nan fè basès men nan obeyisans ak volonte Bondye.

3- Bondye te sèvi ak mwen pou siprann yon moun e l sèvi ak lòt moun pou siprann mwen tou menmjan an pou m ka konprann pwoblèm lòt moun yo pi byen toujou e kontinye ede.

Vin di m nan kòmantè ki leson w tire nan istwa sila.