Nan lane 2021, m jwenn yon envitasyon pa frè Démas Kesner pou m al priye nan yon kwazad prèske Gresye nan blòk COTN ki se òganizasyon ki t ap òganize aktivite sila pandan yon semèn. Regilyèman pou semèn lan m ap sot Bosejou al pou m ka lapriyè sèlman.

Pandan m fin pase plizyè jou ap monte desann. M sou Boxer m byen pwòp. M frennen pou m salye Pasteur Mario Jeune. Li tou depoze men l sou tèt moto a. Epi l di : « M deklare se pou Bondye chanje moto sa pou l ba w yon machin. M di « Amèn m resevwa l ».

Nan menm ane sa, mwen ak madanm mwen wè yon valè timoun ki ap mache san sandal nan zòn Bosejou e rad timoun yo te vrèman nan movè eta. Sa te boulvèse kè nou! Nou sanble ti kòb jiskaske nou ale nan pèpè nou achte plizyè bon ti rad pou yo. Nou te achte sandal tou pou plizyè timoun. Nou te gen chans envite timoun sa yo lakay nou e n te kòmanse distribisyon an aprè nou fin priye ak yo. Timoun yo kontan, yo pran di nou mèsi san rete.

Gen yon valè timoun ki pa t la e ki nan gran nesesite tou. Yo aprann distribisyon te fèt. Yo tout ateri lakay la. Madanm mwen t ap pale ak yo pou di yo: « Se sèl sa nou te genyen timoun mwen yo. Yon lòt fwa na jwenn! « 
Bagay la te tèlman boulvèse kè m. De ran dlo pran kouri nan je m e m santi m anvi rele anmweyyy🤦‍♂🤦‍♂ tèlman tristès la te pwofon e rad sou timoun yo pa t bon ditou. Anplis pi fò pye atè. Youn ap di apre lòt:  » Man pas, man pas, m pa jwenn non! »

Mwen met ajenou devan kabann mwen ak anpil dlo nan je. M pran priye pou m di: Senyè ou wè kè nou! Ou konnen nou renmen pataje. Poukisa w pa ban nou an kantite pou n ka bay ak ede sa ki pa kapab yo. M pot ko fin fèmen bouch mwen. Lè m tande vwa Bondye ki di m: « Sa k fè w pa vann motosiklèt ou a? Konsa, wa achte rad ak sandal pou yo. Wa bay lòt moun ki pòv sou plas Leyogàn lan nan kòb la epi wa pote manje bay prizonye yo pou mwen. « 

Dlo nan je a seche touswit. M santi Bondye sou kont avè m. Sèl ti moto a m genyen. Gen yon frè legliz mwen ki toujou pase pran l pou mennen pitit li lekòl ak 2 timoun pa m yo. Gen yon lòt byenneme menm ki nan lekòl nòmal ke m toujou al depoze sou li pou l ka sove etid li paske l pa gen lajan pou asire trajè a. Se sou li mwen al legliz ak fanmi an e tout envitasyon legliz fè m se sou li pou m ale.
Non, Bondye w pa ta lage l konsa!😃😂

M poko deside vann li e m pa wè lòt chemen pou m pase. M fè semèn m nan pa okipe Bondye ak pawòl chache kont li a. Pandan m sou moto a m ap kouri l. M tande vwa Bondye k rele m byen fò: « Evenson, Evenson, se yon vòlè w ye wi! » 😆😆😆 M gade anwo e m gade anba. M pa wè pèsonn! M kontinye vanse. M tande menm vwa a pèsiste pou di m yon lòt fwa: « Se yon vòlè w ye wi!😆🤣😆 Depi lè m di w vann moto a pou ede moun yo. M pa konnen w gen moto ankò. Se moto timoun yo, moto pòv yo ak prizonye yo l ye.

M kouri nan demen al vann moto a paske nan menm sware a m fè yon rèv. M wè bandi kenbe m. Yo vòlè moto a nan menm! Lè m leve m fin di madanm lan sa. Madanm lan dakò pou m vann li! Lè m fin vann moto a. M pran lajan an m fè tout sa l te mande m yo.

Ou pa mande m koze. Kounye a se a pye nèg ap mache. Se wout raje nèg ap fè pou moun pa konn afè nou. Ou konn Ayisyen gen defo depi yo wè m: « Pas! Epa w a pye? Kote moto a? Gen lòt menm ki di m:  » ki mirak ou a pye? Bèlmè m menm di: Men pitit gason m lan rete konsa l fou!🤣😃😂 Pou w gen yon moto se li k tout ou. W al vann li pou w bay moun ki miyò pase w.🤣😃😆 Ou bon pou pri a! Levanjil sa fin fè nou fou nèt.😃

Gen yon moun ki Etazini ki pran nouvèl la. Li voye lajan pou m achte 2 motosiklèt. Li di m kenbe youn pou ou. Kontinye ede moun pas! Pastè k gen bon kè tankou w, ki renmen pataje sa yo pa sou tè a ankò.

Mwen m m panse Bondye fin panse ak mwen. Pandan yon moun ap dòmi lòt bò l al di moun lan nan yon sonj: Nan 2 machin ou genyen yo fè pastè Evenson kado yon machin. Li di nan sonj lan li wè l pa vle. Pèsonaj la tounen vin di l: Se pa ou k ap ba li non. Se tou 2 w ap montre l li menm la chwazi sa l renmen an. Li pa t fasil pou l te obeyi ak sa Bondye mande l la. Bondye pa t pran tan, li bay yon lòt moun lòt pou voye lajan an ban mwen pou m achte machin lan. E sa ki rive fèt vrèman! Se konsa Bondye te ban mwen yon machin plis 2 moto pou yon moto.

M ap ankouraje w pou w prete atansyon ak pwoblèm ki touche kè w chak fwa w wè l la. Se vre w pa gen gwo mwayen pou w rezoud li nèt. Kòmanse jan w kapab. Bondye va gide w pou w fin fè l e l va beni w mete sou li.

Depi lè sa chak ane mwen toujou fè aktivite al ede pòv, ede timoun ki pa kapab, pote manje ak Ministère Efficace bay plis ke 700 prizonye nan prizon Tigwav.

Pasteur Evenson Marcelus