Se te dènye vandredi kri de nwi m nan Ministère Efficace desanm lane 2022. Pandan m kanpe pou m al lapriyè. Vwa Bondye pa sispann pale avè m ak motive m pou m priye pou tout moun ki marye men ki gen gwo pwoblèm pou fè pitit. 5 fanm marye te deplase pou m lapriyè pou yo.

M kòmanse lapriyè pou yo e pran deklare se pou Bondye beni zantray yo etc….

Prèske chak lane yon nouvo temwanyaj ogmante ke Bondye bay medam yo pitit. M sonje mwen al vizite kèk lakay yo aprè akouchman. M ka site kèk pami yo Welhcha Sebastianie Joseph , #Nehemie, #Elizenda.
M sonje Nehemie menm yon lane aprè pa t deside rete lopital la paske nan dènye vandredi a li te sove pou vin temwanye jan Bondye te delivre l aprè plizyè fos kouch li te fè chèn lan te kase.

Dam sa ki nan foto a ak pitit sila se premye fwa l te vin nan aktivite kri de nwi #Ministère #Efficace. Se pa moun m te janm konn wè avan sa. Nan jou n ap lapriyè pou dam marye k pa ka fè pitit yo li apwoche. Lè nou fin lapriyè pou tout moun li deplase al fè wout li.

Plizyè lane pase, m vin ap di Bondye nan priyè m. Èske w te egzose lapriyè w te fè m fè pou tout 5 moun ki marye men ki pa ka gen pitit yo. M tande l reponn mwen: « Gen youn ki fè fos kouch akoz li neglijan e l pa prete atansyon ak sonj li. Li pa moun ki sou sa nan lapriyè men 4 gentan fè pitit. » Sa te vrèman fè m tris paske m ranpli ak konpasyon pou moun ki marye k ap soufri pwoblèm pa ka gen timoun. Lòt pi gwo pwoblèm mwen te genyen, m pa t janm wè lòt dam sa ki nan foto a ak pitit la (Sr. Frantz). Mwen oblije antre nan lapriyè pou Bondye fè m rankontre l pou m ka konnen jan sa te fini pou li e wè pitit la ak 2 je m. Konsa, ma gen plis konfimasyon ke sa Bondye te di m lan se plis ke verite.

Devine sa k pase! Yon bon aprè midi, m pa t lakay mwen madanm lan deplase vin kote m. Lè m rive lakay mwen. Madanm mwen di m: « Gen yon dam ki te vin la! Li vin envite w nan yon aksyon de gras. Li di w fè tout sa w kapab svp pou w ta la avèk li paske li gen 3 zan depi l gen yon bèl pitit fi Bondye ba li. »

Nan jou sa m fin preche Mission évangélique chrétienne baptiste D’Haïti 8h-8h30 am, Mwen al preche nan yon lòt legliz Sarbousse epi l file pou fayèt nan lòt legliz la a 11h.00 Am

Se te avèk anpil jwa m ta pral aprann ke dam lan gen 12 zan depi l fin marye l pot ko ka gen timoun e kòman l te kwè ke depi m priye pou li Bondye ap fè l gras pou gen pitit.

E pou premye fwa l pile #Ministère #Efficace
Bondye mete l deyò e kounye a pitit li gen 3 lane.

Bondye pa konn bay manti. Depi l di w li fè l. Ou mèt kwè l. Li fè l vre.