Si Bondye pa rele w, pa antre nan ministè
Trè jèn, Bondye te rele m nan ministè. Aprè m fin reponn ak apèl li, li menm voye yon sèvant vin di m pou m antre nan yon lekòl tewoloji pou m kapab grandi nan konesans Pawòl li. Mwen te wè nan sa yon konfimasyon ke Bondye pa sèlman rele, men li fòme, li enstwi, epi li gide moun li mete nan sèvis li.
Yon jou, aprè m fin preche Levanjil nan yon aktivite kwazad yo te envite m, pandan m ap antre lakay mwen, m tou fatige fatige m madanm mwen vin rankontre m ak yon nouvèl ki te frape m tankou yon kout kouto k te pèse kè m. Li di m:
— Ou gen yon fidèl ki fè yon atak AVC; li paralize, li pèdi bò dwat li, e li tou bèbè. Se vrèman tris.
Mwen mande li:
— Se kiyès cheri?
Li reponn:
— Sè Fanuola wi! Yo te vin chèche ou pou w al priye pou li, men ou po t ko rive.
Nan moman sa a, mwen santi yon gwo doulè k ap travèse tout nanm mwen. San pèdi tan, mwen depoze valiz mwen, epi mwen pran moto pou m al lakay li.
Lè m rive, mwen wè vizaj papa ak manman jèn fi a make dezespwa. Tout moun te dekouraje, paske sitiyasyon an te parèt twò grav. Mwen pran tan poze kèk kesyon pou konprann kijan malè a te rive. Se lè sa a mwen aprann sa ki te pase a: Felix ki se papa jèn fi a t ap ranje yon ti wout bò lakay li pou fasilite moun pase pi byen.
Yon jèn gason soti kote l soti nan zòn nan vin tou fache, li pa t aksepte travay la ap fèt. Li leve diskisyon ak papa a, e menm menase li. Li deklare ke li pral fè vyolans si travay la kontinye. Sa w tande a pale anpil e pa t ret anyen pou gwo goumen mete pye. Sè Fanuola, ki te temwen sèn nan, tèlman te sezi e boulvèse wè papa l ki manke pase pa lanmò, nan pita li bwè yon dlo byen glase apre tout tansyon sa a, e touswit li pèdi bò dwat li.
Pandan m chita ap pale ak papa a. Prezans Bondye kouvri espas kote m ye a. M santi pouse pou m pete yon adorasyon. Prezans Bondye tèlman vin ogmante m vin konprann atmosfè sa kreye plas pou yon mirak paske m konnen ki gras Bondye fè m e ki onksyon ki konekte ak apèl Bondye fè m lan. Mwen tande vwa Senyè a ki di m: Pitit gason m! Jan l toujou rele m lè l vle pale ak mwen. Pitit gasonm fè yon yon gran bak. M te touprè demwazèl la ki pèdi bò dwat li, pye dwat li vin lou, menm men l li pa ka leve yo pou kont li. E lang li tèlman vin an difikilte l pa ka pale.
Mwen fè yon gran bak epi vwa Senyè a di m: Di l leve kanpe vin jwenn ou. M sèlman obeyi e m kriye byen fò.
- Fanuola leve vin jwenn mwen.
Pandan l ap efòse l pou l obeyi. M wè pye a ap desann kabann lan e l depoze l, li pran mache pandan m ap òdone se pou tout venn aktivite.
Papa l tèlman kontan l pete rèl kriye e l vin met ajenou nan pye m. Dlo ap kouri nan je l l ap di mèsi Senyè. Ou voye pastè m lan vin delivre m.
Mwen mete ajenou tou ansanm avèk li paske m pa janm vle moun wè m kòm yon moun ekstraòdinè paske ekstraòdinè a se gras Bondye ak volonte mèt la pou rann mwen itil wayòm li. Nou priye ak kriye lajwa nou ansanm.
E demwazèl la te kontinye ap mache e pete gwo kout beniswa Letènèl pou Bondye ki sot opere mirak li nan lavi l.
Aprè sa li rakonte m pandan moman adorasyon an, li wè nan yon vizyon yon pèsonaj ki vin kanpe kote l ye a e ki ba li plizyè piki. Li di se touswit aprè sa m pral pase l lòd pou l leve vin jwenn mwen an.
Aprè moman sa a, mwen te vin santi pi plis toujou konbyen ministè mande fòmasyon, pasyans, lafwa ak yon zòrèy ki ka tande vwa Bondye, paske ou pa janm konnen kisa k ap tann ou nan sèvis la. Si ou pa fin byen prepare, chòk ak chay yo ka kraze ou. Se poutèt sa mwen repete: “Si Bondye pa rele w, pa antre nan ministè.”
Pa bliye abòne ak paj la.
Pataje temwanyaj la.
Kite yon kòmantè
challenge #temoignage #efficace
Pasteur Evenson Marcelus